Dr Berthrude Albert, alyas Manman Lavi, nan tèt kole ak P4H Global, ap onore jodi a 10 pwofesè ki soti nan 10 depatman jewografik peyi a, nan kad pwogram PWONA. Pwofesè yo, ki deja chwazi kòm finalis, pral resevwa chak yon prim 1 000 dola ameriken, pandan chanpyon inisyativ la ap resevwa yon prim espesyal 2 000 dola ameriken. Inisyativ sa a fèt nan objektif pou rekonèt efò pwofesè yo ap fè chak jou nan fòmasyon jèn yo, epi bay plis jarèt ak sektè edikasyon an ann Ayiti.
Pou Dr Berthrude Albert ak P4H Global, sipòte pwofesè yo se yon envestisman nan avni peyi a, paske edikasyon rete youn nan kle fondamantal pou reyisit ak devlopman yon sosyete.













