Michael Adrian Nieto, 31 lane, ofisye polis nan Saint Cloud plede koupab 18 fevriye 2025 lan devan lajistis nan Florid. Sèl sa misye fè se achte zam, revann bay nèg ki nan kontrebann pou ale avèk yo Ayiti, Pòtoriko ak Sendomeng. Soti 6 jwen 2022 pou rive 2 septanm 2024, Nieto achte pou pi piti 58 zam pou revann pandan li konnen se san papye y ap deplase avèk yo. 17 oktòb 2024, FBI te fouye kay li, yo te jwenn 12 zam li ta pral bay yon kontrebandye ki rele Ernesto Vazquez.
Ernesto Vazquez sa a ki anba kòd tou pral jwenn santans pa li 25 mas 2025 k ap vini la a.