Lapolis mare kou krab Edouard Hilaire, yon mekanisyen ki soti Fontamara ki al fè tèt li pase pou medsen nan komin Miragwàn. Misye pran plezi nan bay sèvis jinekolojik ak retire ti moun nan vant fanm ki vle fè kitaj. Gen plizyè fanm ki gentan mouri anba men blofè sa a selon enfòmasyon lapolis founi. Lapolis jwenn misye gen gen fo badj lopital Isaïe Jeanty nan men l.
Misye rekonèt li pat janm pase nan okenn lekòl medsin. Pou kounye a li nan gadavi.