Yon avyon medikal ki se yon Learjet 55 kraze nan Filadèlfi touswit aprè l te fin vole pou l ale nan Springfield, Missouri. Gen 6 moun ki pèdi lavi yo pami yo yon moun malad ak tout yon manm nan fanmi l. Kote avyon an tonbe a, gen pou pi piti yon kay ki boule ak plizyè machin.
Nan mwens pase yon semèn sa fè 2 avyon ki kraze a tout pasaje nan peyi Etazini.