Katye sa yo: Solino, Nazon, Kriswa, Dèlma 30 pou n site sa yo ase konnen yon jounen tansyon san parèy jounen jedi 14 novanm 2024 la. Granmoun kou ti moun, jèn ak granmoun ki aje, san bliye moun enfim ap kouri pasi pala. Pandan tout jounen an, machin, moto, moun a pye chaje kou legba ap kouri pou evite pran nan pèlen Viv Ansanm tann pou yo a, sitou Babekyou.
Tout bagay sa yo ap dewoule avèk konplisite Lapolis, Konsèy 7 tèt la san bliye yon kwèdèk fòs miltinasyonal k ap touche san travay.