Jose Martinez se non yon jij federal ameriken k ap travay Miami ki entèdi avoka defans yo pataje prèv ak etranje. Pami moun li entèdi yo pataje enfòmasyon sa yo gen paran ak avoka akize ki aletranje yo. Jij la pran yon “òdonans silans” sou dosye a akoz temwen yo li di ki pa an sekirite.
Dosye Jovenel Moïse la kontinye ap vale tèren men se pa an Ayiti paske nan peyi d Ayiti dosye sa a parèt mouri. Jij federal ameriken an mande pou yo sispann pataje enfòmasyon sansib yo.