Yon gwoup palmantè ameriken atire atansyon Mike Pompeo sou danje òganizasyon eleksyon yo sou lavi pèp ayisyen an

haitinewstv.com

Yon gwoup palmantè ameriken atire atansyon Mike Pompeo sou danje òganizasyon eleksyon yo sou lavi pèp ayisyen an

Yon gwoup palmantè ameriken, pami yo Frederica S. Wilson, James P. Mcgovern, David N. Cicilline, Barbara Lee, Joaquin Castro, Eleanor Holmes Norton ak Ted Deutch, atire atansyon sekretè deta ameriken an Mike Pompeo sou konsekans òganizasyon eleksyon ayisyèn yo ap genyen sou lavi pèp ayisyen an.

Si pou Mike Pompeo, prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, dwe òganize eleksyon lejislativ yo byen rapid, gwoup palmantè sa a mande diplomat la pou l itilize vwa Etazini pito nan peyi Dayiti pou eleksyon lib ak demokratik ki respekte manman lwa peyi a, Konstitisyon an.

“Si se yon obligasyon pou n sipòte Ayiti pou l retounen sou chimen demokrasi a, politik amerikèn nan pa dwe favorize eleksyon presipite ki kapab destabilize sistèm politik ayisyen an”, se sa gwoup palmantè a ekri nan yon korespondans yo voye bay diplomat.

“Etazini dwe pran prekosyon pou l pa lejitimite konpòtman antidemokratik”, se sa yo mande Mike Pompeo.

Daprè gwoup palmantè sa a ki baze sou preyokipasyon sosyete sivil ayisyèn nan, Konsèy elektoral pwovizwa a (KEP) ki antikonstitisyonèl ak ilejitim prezidan Jovenel Moïse mete sou pye ak absans dyalòg enklizif li refize ap fè demokrasi a plis mal nan peyi Dayiti.

Wilner Jean

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Moun k ap fè fo maryaj Ozetazini pou rezidans yo

Ajan ICE yo anonse y ap ankete sou migran ki deside fè maryaj ilegal pou yo ka jwenn rezidans nan

Imigrasyon Ameriken anonse kat travay moun Biden yo pral revoke

Alèt sa a ki pibliye ayè vandredi 6 jwen 2025 lan e ki soti dirèk nan USCIS anonse yo pral

Jwen 2021 – Jwen 2025, 4 lane depi Matisan pa

Aprè 4 lane sa yo, gen 4 depatman ki koupe kontak ak Pòtoprens paske wout nasyonal yo enpratikab. Depatman sa

Smith Augustin pibliye ak divòs limenn ak Natalie a

Aprè somasyon Nathalie Saint Vil la ki te mande Smith Augustin pou l konfime zafè divòs l ap pale ant

Avoka Stéphane Vincent yo mande Pakè fèmen dosye li a

Mèt Guerby Blaise ekri Pakè Pòtoprens pou l mande l klase dosye Stéphane Vincent ki se ansyen direktè imigrasyon an

Contact Us