Yon kamyon ki t ap pote gaz eksploze nan depatman Latibonit nan zòn Pon Goden maten mèkredi 25 jwen 2025 lan. Chofè kamyon an mouri, yon pasaje ki te avèk li, yon chofè moto ak twa elèv lekòl pèdi lavi yo. Kadav yo griye selon temwen ki te sou plas akoz dife a e gen anpil moto ki griye. Sa ki pi grav la, nan moman aksidan an, ni ponpye ni lapolis pat rive sou plas.
Aksidan sou wout an Ayiti toujou ki te anpil kesyon dèyè pandan repons yo paka janm vini.