Lourdia Jean Pierre, 32 lane, mouri vandredi pase a pandan l ap akouche poukont li lakay li. Li te chwazi akouche lakay li paske l pat vle imigrasyon arete l, selon sa Diario Libre ekri. Mari Lourdia ki san papye tou pat chache sipò nan lè li te dwe fè sa. Lourdia te gentan gen 4 pitit avan sa.
Yon lòt dram ki vin anvlimen plè a lakay vwazen pou ayisyen yo pandan peyi d Ayiti pa pare pou ede yo.