Disko sa a pote non Jet Set e li twouve l nan kapital la, Santo Domingo. Li kraze maten madi 8 avril 2025 lan e gen deja anviwon 27 mò ki resanse, pliske 120 blese e yo deja ale lopital ak anpil lòt. Selon medya dominiken yo, gen 56 anbilans ki mobilize pou pote viktim yo sekou.
Poko gen enfòmasyon sou sa ki ta lakoz efondreman sila a.