Michael Geilenfeld, 72 lane, kondane pou l pase 210 lane nan prizon pou abi seksyèl sou ti gason nan yon òfelina li te gen Ayiti. Aprè plizyè dizèn plent ki te depoze kont li, Lapolis Ayiti te arete l e transfere l nan peyi Etazini pou l ka jije. Se pa sèlman Ayiti misye konn fè vyòl sou ti gason men li konn fè sa Venezyela, Meksik ak lòt peyi. Lajistis jwenn li koupab pou 7 nan viktim yo e kounye a li pral pran 30 lane prizon pou yo chak sa ki bay 210 lane.
Pandan tout pwosè a, selon jounalis ki te prezan, Michael Geilenfeld pat janm fè sòti remò li ni regrè.