Wendy, youn nan rapè ayisyen ki fè anpil hit nan endistri rap kreyòl la fenk sot mete yon lòt albòm deyò ki batize “Traka”. Nan albòm sa a, Wendy trete anpil sijè ki gen pou wè a sosyete, kilti, lanmou elatriye. “Ap gen yon lòt dat” se youn nan pi bèl tèks sou albòm sa a ki pale de peyi a. “Comme d’habitude” sou bò pal parèt kòm mizik fanatik yo plis renmen e tande dènye tan sa yo.
Albòm nan deja ap vale tèren sou divès platfòm kote atis la lage l. Anpil moun ap pale de albòm Traka a.