Aprè tès konpayi ayeryèn IBC Airways la, gen bon ti nouvèl ki vini pou ayewopò entènasyonal Antoine Simon Okay la. Selon Dimitri Fouchard ki se reprezantan liy ayeryèn nan, apati mwa jiyè 2025 kapab gen vòl ki sòti Miami ou ale Okay san pwoblèm e se yon aparèy ki ka pote 50 pasaje k ap asire vwayaj yo 4 fwa pa semèn.
OFNAC deja pwomèt yon nan sans sa a k ap dire anviwon 30 jou pou pèmèt ayewopò Antoine Simon Okay la itilizab.