Depi mwa janvye 2025 a jodi a, gen 528 migran ki arete pami yo 392 resòtisan dominiken selon BBC News. Ajan ICE ameriken yo mennen yon operasyon gason pa kanpe nan katye Barrio Obrero nan vil San Juan kote tout aktivite paralize. Zòn kote operasyon sa yo mennen an se majorite dominiken k ap viv la. Genyen ladan yo k ap soufri grangou paske yo pa vle kite kay yo, se sa José Rodriguez ki se pòt pawòl dominiken pou dwa moun nan Pòtoriko fè konnen nan laprès.
Frap sa yo dominiken sa yo ap pran nan peyi Pòtoriko a, sa toujou antre nan kad pwogram gouvènman Trump lan ap mennen kont migran ilegal yo.