Administrayon Trump lan kòmanse frape byen bonè lè yo pran desizyon pou anile aplikasyon ki rele CPB One nan. Yon avi ki parèt sou sit entènèt dwà n ak pwoteskyon fwontyè yo di tout moun ki konn ap itilize aplikasyon an, li pa disponib ankò. E anplis de sa, tout randevou ki te deja ankou yo anile.
Aplikasyon sa a te konn pèmèt prèske yon milyon migran pran randevou nan 8 pwen fwontalye ameriken yo.