Moun k ap pilote dwon yo sakaje kriminèl yo nan Gran Ravin nan fen jounen madi 10 jen 2025 la. Selon enfòmasyon k ap sikile, gen anpil bandi ki mouri ak blese. Sitiyasyon sa a lakoz chèf gang Gran Ravin nan ki se Ti Lapli chape poul li ansanm ak lòt drivayè parèy li. Gen anpil sivil ki kouri tou selon kèk temwen e yo mete tèt Fontamara. Gen anpil rèl nan Gran Ravin aprè atak dwon sa yo.
Dwon sa yo lage pandan kriminèl yo t ap fè tantativ pou kontinye anvayi Kafou Fèy.