Viv Ansanm boule Lopital Jeneral jounen jedi 13 fevriye 2025 lan anba bab Palè Nasyonal, CMPAP, UDMO, polisye Kenyan yo pou m site sa yo ase. Nan videyo k ap sikile yo, tout moun ka wè kouman dife ap pwopaje nan espas la san pa gen okenn entèvansyon ki fèt pou evite sa. Yon manm sendika Lopital konfime pou nou chiriji a, famasi a, blòk operatwa a, achiv la ak anpil lòt kote deja ale anba dife.
Èske sa antre nan kad ensekirite jeneralize a oubyen se yon misyon? Yon dosye n a swiv.