Gen yon team nan SWAT ki fè yon operasyon gason pa kanpe bò kote popilasyon an nan komin Mibalè jounen lendi 31 mas 2025 lan. Polisye yo vide anpil bandi atè e yo rekipere plizyè manch long ki te nan men kriminèl yo. Enfòmasyon yo konfime ak bon jan prèv bò kote plizyè sous. Se vre bandi yo gentan fè anpil dega men gen anpil ki pa retounen jwenn chèf yo.
Malgre jan sa ye, gen kèk polise anndan kò polis la ki pa nan kanpe gade bandi nan je.