3 peyizan bandi te kidnape nan jaden nan mòn Mitil yo nan komin Kenskòf, jwenn liberasyon yo aprè plizyè ajan SWAT te fin fè yon entèvansyon nan kay kote yo te sekestre yo a. Viktim yo deklare yo pase anpil mizè anndan kay la, bandi yo krabinen yo anba kou, yo pa ba yo manje epi y ap vyole plizyè lòt jenn fanm an prezans yo. Aprè SWAT fin libere yo jounen dimanch 11 me sa a, komisarya Kenskòf la ede yo rejwenn fanmi yo.
Gen pliske 20 teworis ki vale dlo bouch yo nan echanj kout bal ak polisye yo.