Sòti 8 pou rive 18 avril 2025 ki sot pase a, Smith Augustin ki enkilpe nan dosye 100 milyon goud BNC a sot fè yon vwayaj touristik Ozetazini ansanm ak 15 moun avèk li nan yon delegasyon, sou pretèks li an misyon pou Ayiti. Blofè a fè vire tounen sa yo san okenn rezilta. Manje, dòmi nan otèl liks ak lòt avantaj ankò koute trezò piblik la pliske 100 mil dola vèt, selon dènye rapò RNDDH la.
Okenn nan politisyen rabachi sa yo poko janm fè vwayaj sou non Ayiti pou yo sòti ak yon rezilta serye.