Leta ayisyen gen yon kontra ak Erik Prince, fondatè Blackwater Worlwide pou vin batay kont gang yo an Ayiti. Selon New York Times, depi mwa mas 2025, espesyalis konpayi sa a ap itilize dwon pou elimine gang yo. Erik Prince ki se yon ekspè trè pwòch Donald Trump deja rekrite plizyè veteran militè ayisyen ak ameriken pou voye Pòtoprens e yo ta dwe deplwaye jiska 150 mèsenè an Ayiti avan lontan.
Se yon nouvèl ki rive nan moman kote kriminèl yo ap mawon chak jou pou dwon kamikaz.