Nan yon match sans inik, Paris Saint Germain demonte Inter Milan nan final Lig Chanpyon yo sezon sa a 5 gòl a zewo. Aprè anviwon 15 lane depi y ap batay dèyè twofe sa a, parizyen yo finalman jwenn sa yo t ap chache a avèk yon Luis Enrike ki te trè detèmine pandan tout sezon an. Klèb fransè a pat jwenn opozisyon fas ak Inter ditou pandan tout match la.
Kylian Mbappé te prensipal sipèsta ekip sa a, li annik ale, PSG pran Lig Chanpyon an.