Nan match ale ki antre nan kad baraj Lig Chanpyon yo sezon sa a, jounen madi 11 fevriye 2025 lan, Real klase Manchester city 3 gòl a 2 nan yon match ki pat fasil menm pou tou 2 klèb yo. Poulen Pep Guadiola yo ki an feblès depi kèk tan pat ka genyen Madrilèn yo menmsi yo te mennen pandan 2 fwa nan match sa a.
Semèn pwochèn, City gen randevou nan Bernabeu a pou konnen kiyès nan yo 2 a k ap pase pou 8e final Lig Chanpyon yo sezon sa a.