Gouvènman initil ki gen Didier Fils-Aimé nan tèt li a ap konbat depi nan fen lane 2024 la pou l revoke Direktè Jeneral PNH la, Rameau Normil. PM defakto a ak ekip li vle dechouke ak tout fós DG a. Te gen yon konsèy minis ki tap òganize Vandredi 3 janvye 2025 la, men dosye a sanble kwoke nan gòj yo. Nèg sa yo ki se avaris vle gonfle tout bagay nan men yo e pliske Rameau pa antre nan kèk konkonbrèt avèk yo, yo bezwen revoke l.
Anpil moun kwè se fason polisye yo ap atake gang yo dènye jou sa yo ki fè gouvènman an bezwen revoke DG a.