Pou Stanley Gaston, Yves Jean-Bart “pa gen bann pou l’ abize fi seksyèlman”

haitinewstv.com

Pou Stanley Gaston, Yves Jean-Bart “pa gen bann pou l’ abize fi seksyèlman”

Depi kèk jou Federasyon entènasyonal foutbòl asosyasyon (FIFA) pran desizyon pou radye ansyen prezidan Federasyon ayisyèn foutbòl (FHF) la nan tout aktivite ki gen pou wè ak foutbòl paske komite etik FIFA a jije Dr Yves Jean-Bart koupab nan abize ti medam yo sèksyèlman, epi ale pi lwen pou l di te gen abi otorite.

Nan sans sa, enstans siprèm nan tranche pou radye yon figi ki make espò ayisyen an paske Dadou bay 20 tan nan vi l ak koze espò nan peyi isit nan tout kategori.

Menm jou komite etik FIFA a pran desizyon an, te gentan gen yon nòt k’ap sikile ki fè kwè Dadou Jean-Bart pral fè apèl devan “TAS”, ki se tribinal abitral espò ki abitye kase gwo desizyon ki pran deja, si moun yo akize a pa antò.

Depi jou ki te lendi 23 novanm nan, youn nan avoka Yves Jean-Bart yo, Mèt Stanley Gaston, ansyen batonye lòd avoka yo pandan 2 fwa, vle fè kwè, ansyen prezidan an pa gason, sa vle di nan langaj ayisyen, pa leve kanpe. Yon fason pou montre komite Etik FIFA a ap sal repitasyon Dadou.

Depi kilè Dadou pa gason? Èske si l pa ta ka leve kanpe vre sa fè l pa ka abize yon fi seksyèlman? Èske vyòl sou fi se sèlman lè vyolè a penetre fi a ak gigit pa l? Se yon ansanm kesyon nou rive poze akoz teknoloji a ki tèlman avanse, mesye yo gen plizyè metòd yo itilize pou fè tèt yo plezi lè ti pati yo paka kanpe ankò.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Madam marye Brakè Smith Augustin mete l toutouni

26 me 2025, Smith Augustin ki se youn nan manm KPT yo te deklare li divòse ak madanm li Nathalie

Yon antreprenè ayisyen pral envesti 30 milyon dola Punta Cana

Antreprenè Marcus Boereau lanse yon pwojè Imobilye nan Punta Cana, an Repiblik Dominikèn. Pwojè a rele TAMAN e li pral

Yon manm gang Kenskòf la nan men Lapolis

Wudner Merilus, manm gang Didi ap dirije Kenskòf la jwenn arestasyon l ayè lendi 2 jwen 2025 lan aprè manm

Imigrasyon ap trake Ayisyen Sendomeng, gen 2 Ministè ki fè

Minis Zafè Etranjè ayisyen an, Jean Victor Harvel Jean-Baptiste ak minis Ayisyen k ap viv Lòtbò dlo yo, Kathia Verdier

Kriminèl yo elimine yon fanmi antye nan Pènye

Wikenn pase a, 6 moun mouri asasinen epi boule nan yon kay nan Pènye. Aksyon sa a se teworis k

Contact Us