Pou pi piti 70 polisye fè pati “Fantôme 509”, daprè enspeksyon jeneral lapolis la

haitinewstv.com

Pou pi piti 70 polisye fè pati “Fantôme 509”, daprè enspeksyon jeneral lapolis la

Enspeksyon jeneral polis nasyonal la (IGPNH), nan yon ankèt y ap mennen deja jwenn pi piti 70 polisye ki fè pati “Fantôme 509”. Gwoup ki rele tèt yo “Fantôme 509” la te foule beton an plizyè fwa pou ekzije pi bon kondisyon nan lapolis la. Chak fwa yo sòti yo boule plizyè machin ki plak sèvis leta.

Ankèt enspeksyon jeneral la poko fini. Men ankèt la pèmèt yo idantifye 70 polisye ki fè pati “Fantôme 509”. Se pòt pawòl Enspeksyon jeneral polis nasyonal la, Jonet Vital, ki konfime enfòmasyon sa yo, nan yon konferans pou laprès jounen madi 8 desanm nan.

Nan 70 polisye ki fè pati “Fantôme 509” la, enspeksyon jeneral deja tande 60 ladan yo. Gen 10 lòt ki pat reponn a konvokasyon ki te fèt la. Nan sans sa enspeksyon jeneral deside kenbe chèk polisye sa yo.

IGPNH anonse, aprè l fin tande polisye ki endekse yo, l ap boucle ankèt li, epi fikse responsabilite yo.

N ap raple objektif “Fantôme 509” la, se ekzije pi bon kondisyon travay pou polisye ki anndan enstitisyon an. Yo toujou fè konnen yo pa gen jou, yo pa gen lè, se bawon k ap dirije yo.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Etazini sou wout pou mete gang Ayiti yo sou lis

Administrasyon Trump lan pataje entansyon li genyen ak kongrè ameriken an pou l ta deziye tout gang an Ayiti yo

Luis Abinader ranfòse kapasite imigrasyon dominikèn pou depòte ayisyen yo

Prezidan dominiken an, Luis Abinader bay sèvis imigrasyon nan peyi l 50 kamyon ak 8 bis pou yo ka depòte

Teworis Viv Ansanm yo touye 3 moun nan yon sèl

Krim sa a fèt nan ri Chòchòt jou lendi kite 28 avril 2025 lan nan zòn Babyòl Pako. Teworis yo

Smith Augustin sot boule yon lòt 100 mil dola vèt

Sòti 8 pou rive 18 avril 2025 ki sot pase a, Smith Augustin ki enkilpe nan dosye 100 milyon goud

Moïse Jean-Charles alyas volè bèf fè yon sòti krab

Chèf Pitit Desalin nan, Moïse Jean-Charles finn souse manmèl bèf la.Towo a deklare jodi a sou radyo Magic 9, si

Contact Us