Bakòp kenyan yo pa vle ale sou chan batay, yo pa vle fè ni patwouy ni kenbe pozisyon. Yo pa vle bay polisye yo okenn sipò pou yo ka pwogrese sou bandi yo selon plizyè temwanyaj nou dispoze. Ata kote bandi yo mete barikad kenyan yo pa vle debloke. Se anndan blennde yo yo rete, se anndan blennde yo manje e fè tout sa yo bezwen.
Gen plizyè peyizan nan zòn Kafou Bèt ak lòt lokalite ankò k ap plenyen de mòd konpòtman nèg sa yo depi plizyè jou.