Enspektè divizyonè Rony Jose ki sòti nan 10e pwomosyon PNH la ak Silmon Job, 11e pwomosyon pèdi lavi yo maten mèkredi 9 avril 2025 lan. Ajan sa yo mouri lopital aprè yo te fin blese sou wout ayewopò a anba men teworis yo. 2 fòmatè sa yo rive tonbe pandan kriminèl yo t ap tante kidnape yon moun.
Nan kòmansman semèn sa a, sa fè 3 polisye ki tonbe nan egzèsis fonksyon yo.