Kout zam Viv Ansanm ap pete nan Dèlma 19, Dèlma 30, Nazon elatriye deja lakoz plizyè viktim maten lendi 24 mas 2025 sa a. Gen plizyè moun ki blese ak bal nan yon machin dèlma 19 pandan chofè a pèdi lavi l. Dèlma 32, gen yon jenn gason ki pran bal nan tèt, li mouri sou plas, san bliye plizyè lòt viktim ki anrejistre nan menm matine sa a. Se vre gen plizyè dwon ki lage maten an pou bloke zèfèyis yo men sa plis parèt yon tan pèdi.
Detanzantan, kriminèl yo ap pwogrese nan komin Dèlma.