Plizyè avoka ayisyen Ozetazini atake Jovenel Moïse devan yon tribinal pou dosye dola senkant lan

haitinewstv.com

Plizyè avoka ayisyen Ozetazini atake Jovenel Moïse devan yon tribinal pou dosye dola senkant lan

Nan zafè dola 50 ($1.50) sou chak transfè ki fèt yo ak 5 santim sou chak apèl entènasyonal yo, plizyè avoka ayisyen nan peyi Lèzetazini deklare bay lajistis amerikèn ”Jovenel Moïse kenbe pouvwa jidisyè a an otaj”.

Menm jan ak ansyen prezidan Joseph Michel Martelly, Jocelerme Privert, kèk enstitisyon tankou Natcom ak Digicel, epi plizyè bank ak mezon transfè– Jovenel Moïse montre aklè se sèl lajistis ayisyèn ki konpetan pou tande konplent konpatriyòt yo ki nan dyaspora nan zafè $1.50 lan.

Nan yon korespondans nan dat 14 fevriye 2021 an ki adrese bay jij LaShann DeArcy Hall, avoka dyaspora a, Mèt Marcel P. Denis, mande –jan règ federal evidans 201 ak 44-1 yo di– pou Kou a pran nòt sou nouvo arete Jovenel Moïse pran pou revoke 3 jij nan Kou Kasasyon an, ki se pi gwo enstans jidisyè peyi Dayiti. Jovenel Moïse vyole atik 177 Konstitisyon an, ki aneyanti literalman jistis ayisyèn lan.

Nan yon deklarasyon, dyaspora di yo gen gwo krent paske se devan menm jistis sa Jovenel Moïse kenbe an otaj la, li swete prezante dosye $1.50 lan.

Avoka a fè konnen Ayiti pako pare pou gen yon sistèm jidisyè ki kapab pran an chaj kòrèkteman dosye a ki nan tiwa lajistis amerikèn.

Si pi gwo entans jistis peyi Dayiti a pa alabri kapris Jovenel Moïse yo, nou kapab imajine sa ki rezève pou plent Dyaspora, si yo ta depoze l nan peyi Dayiti, daprè Mèt Marcel P. Denis.

Pooshy Rosana

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Renan Hédouville debalize OPC daprè ULCC

Sòti 2022 pou rive 2024, Renan Hédouville, ansyen pwotektè sitwayen òganize 17 vwayaj ofisyèl. Gen 10 nan vwayaj sa yo

Swat debake kenskòf epi libere 3 peyizan kriminèl yo te

3 peyizan bandi te kidnape nan jaden nan mòn Mitil yo nan komin Kenskòf, jwenn liberasyon yo aprè plizyè ajan

Yon doktè mouri rache ak kout kouto anndan lakay li

Doktè La Nadia Phaïmyr Jean Charles mouri tchake ak plizyè kout kouto anndan lakay li nan Dèlma 75 ayè samdi

Joé dwèt File kontinye make pwen sou sèn entènasyonal la

Joé Dwèt Filé nomine nan “BEST Internastional Act Awards” kòm yon atis fransè nan kategori li a. Li nomine nan

Komisè gouvènman Pòtoprens lan lage Alfredo Antoine

Alòske DCPJ te fin arete ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine, misye jwenn liberasyon l jounen vandredi 9 me 2025

Contact Us