Nan zafè dola 50 ($1.50) sou chak transfè ki fèt yo ak 5 santim sou chak apèl entènasyonal yo, plizyè avoka ayisyen nan peyi Lèzetazini deklare bay lajistis amerikèn ”Jovenel Moïse kenbe pouvwa jidisyè a an otaj”.
Menm jan ak ansyen prezidan Joseph Michel Martelly, Jocelerme Privert, kèk enstitisyon tankou Natcom ak Digicel, epi plizyè bank ak mezon transfè– Jovenel Moïse montre aklè se sèl lajistis ayisyèn ki konpetan pou tande konplent konpatriyòt yo ki nan dyaspora nan zafè $1.50 lan.
Nan yon korespondans nan dat 14 fevriye 2021 an ki adrese bay jij LaShann DeArcy Hall, avoka dyaspora a, Mèt Marcel P. Denis, mande –jan règ federal evidans 201 ak 44-1 yo di– pou Kou a pran nòt sou nouvo arete Jovenel Moïse pran pou revoke 3 jij nan Kou Kasasyon an, ki se pi gwo enstans jidisyè peyi Dayiti. Jovenel Moïse vyole atik 177 Konstitisyon an, ki aneyanti literalman jistis ayisyèn lan.
Nan yon deklarasyon, dyaspora di yo gen gwo krent paske se devan menm jistis sa Jovenel Moïse kenbe an otaj la, li swete prezante dosye $1.50 lan.
Avoka a fè konnen Ayiti pako pare pou gen yon sistèm jidisyè ki kapab pran an chaj kòrèkteman dosye a ki nan tiwa lajistis amerikèn.
Si pi gwo entans jistis peyi Dayiti a pa alabri kapris Jovenel Moïse yo, nou kapab imajine sa ki rezève pou plent Dyaspora, si yo ta depoze l nan peyi Dayiti, daprè Mèt Marcel P. Denis.
Pooshy Rosana