Depi dwon fin lage yon kote, Pierre Espérance pran radyo pou l prezante bilan alòske Lazarre ak Louis-Jeune poko di anyen. Rezon ki fè Pierre Espérance gen plis detay se paske pa gen okenn kòdinasyon ant direksyon jeneral polis la ak Task fòs Primati a. Se Primati ki gen kontwòl dwon yo e se mèsenè pa Primati k ap pilote dwon yo. Se youn nan rezon Lapolis pa janm ka sezi zam lè dwon fin lage yon kote paske se pa yo menm ki gen kontwòl dwon kamikaz yo.
Pierre Espérance parèt kòm yon antrav ak travay Lapolis la paske li se yon senp sivil, li pa anplwaye enstitisyon an.