Peyi Lèzetazini ap mete 12 milyon dola nan favè 30 mil ti antrepriz an Ayiti

haitinewstv.com

Peyi Lèzetazini ap mete 12 milyon dola nan favè 30 mil ti antrepriz an Ayiti

Ajans Nasyonzini pou devlopman entènasyonal (USAID) anonse li pra l ede 30 mil ti antrepriz pran elan nan peyi Dayiti. Yon pwojè sou 4 lane k ap pèmèt entans amerikèn lan kreye travay gras ak pwojè sila ki koute 12 milyon dola ameriken.

Nan yon kominike, Anbasad amerikèn fè konnen pwojè a ki pote non ”Atteindre, nan lang fransè”, konte ede ti antrepriz ak mwayèn antrepriz (MPME) lokal yo devlope divès plan dafè, jwenn prè labank, pran fòm, bay bon sèvis epi vini antrepriz ki bay bon randman. USAID kontinye pou di, MPME yo ki bay jiska 80% anplwa nan peyi Dayiti, souvan konfwonte ak divès defi ki anpeche yo avanse, tankou aksè ak finans, poun site sa yo sèlman.

Pwojè ”Atteindre” ap gen pou kreye yon anviwònman favorab pou afè yo pandan l ap atake divès defi kreyasyon antrepriz la ap konfwonte epi ede yo evolye, epi afiche soutyen USAID bay antrepriz lokal yo pou favorize kwasans ekonomik lan an Ayiti.

”Ti antrepriz ayisyèn yo se motè devlopman kwasans ekonomik la sou yon tèm long. Anbasad Lèzetazini pran chwazi bay jèn antreprenè yo plis opòtinite. Ede antrepriz sa yo devlope ap ogmante revni fanmi ayisyèn yo epi bati yon sosyete ki pi rezilyan”, se deklarasyon Anbasadè Michele Sison nan sikonstans sila.

Pooshy ROSANA

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Imigrasyon dominikèn kòmanse antre kay ayisyen yo nan nwit

Operasyon depòte ayisyen lakay vwazen pran yon lòt faz. Nan vil Santiago, ajan yo debake kay yon ekip ayisyen, yo

Gran Grif anvayi gwoup Jan Deni an, anpil dega fèt

Gwoup Jan Deni an k ap defann yon bon pati nan Latibonit kont baz Gran Grif la sibi yon atak

Nominasyon yon nouvo anbasadè ameriken an Ayiti

Henry Wooster se nouvo Chaje d Afè ameriken an Ayiti ki pral gen pou ranplase Dennis Hankins ki se aktyèl

San Mbappé, PSG enskri non l nan Lig Chanpyon yo

Nan yon match sans inik, Paris Saint Germain demonte Inter Milan nan final Lig Chanpyon yo sezon sa a 5

Lakou SIPRÈM USA Lage moun Biden yo nan kouri

Pi gwo tribinal nan peyi Etazini an otorize Administrasyon Trump lan revoke estati legal tout moun ki te antre nan

Contact Us