T gen yon konsèy minis ki te òganize ayè mèkredi 30 avril 2025 lan, se pat pou pale de ensekirite a men pito pou yo te ka kreye lòt djòb. Emmanuel Silencieux, yon pwòch Pitit Desalin se nouvo Direktè Jeneral Ministè Agrikilti, Ernst Saint-Louis nan tèt Direksyon Jeneral Liv, Nathan Laguerre se Direktè Jeneral ministè Jenès Espò ak Aksyon Sivik, youn nan ministè ki plis initil nan peyi a.
Arete ki konfime nouvo pòs sa yo ta dwe pibliye nan fen semèn sa a.