Anpil polisye ak manm brigad Kanapevè a te desann Pako, sou Tijo pou al mennen yon rèd kont teworis k ap bay pwoblèm nan limit sa a jounen mèkredi 23 avril sa a. Bilan, anviwon 4 brigadye ki te avèk Samuel tonbe, pami yo yon lòt polisye ki rele Foudji ki te konn toujou nan do l, yon sòlda FAd’H e gen plizyè ki blese tou. Li enpòtan pou n sinyale tou nan kan bandi yo, gen anpil mò ak blese pa bal.
Selon enfòmasyon nou dispoze, te gen anpil gason ki te desann al pote boure sou zèfèyis yo.