Jan Leta te swete l la, Gamall Augustin pa fè pati komisyon k ap enstale lendi 24 fevriye sa a nan tèt TNH la. Aprè 10 lane ap gagote enstitisyon an, akolit li yo te vle mete l nan komisyon restriktirasyon an men sitwayen avize yo mennen yon batay jis yo mete l sou kote. Thomas Roudy Sanon se youn nan moun ki batay pou sa anpil. Se Sandra Duvivier ki pral prezide komisyon sa a.
Nouvo ekip sa a gen 6 mwa pou yo remèt yon rapò bay minis Kilti ak Kominikasyon an.