Anviwon 4 fanm k ap viv nan sitiyasyon iregilyè lakay vwazen sibi menm sò sa a dènye jou sa yo an Repiblik Dominikèn. Ajan imigrasyon yo antre nan matènite, yo arete medam sa yo ki te tou gen tranche. Youn nan imaj k ap sikile sou rezo yo manman k ap sibi move tretman alòske li apenn akouche yon bebe. Dam sa a pouse ti moun pandan l ap sibi zak depòtasyon san respè sa a.
Yon seri vyolasyon dwa moun k a fèt lakay vwazen ki pa di nèg ki sou pouvwa Ayiti yo anyen.