Premye minis la ak ekip li a bezwen koupe tèt Normil Rameau nan tèt PNH la. L ap chache tout fason pou afebli l swa nan deklarasyon li fè yo, swa nan mezi l ap pran yo. Sou pretèks gen ijans, vis prezidan CSPN nan, Patrick Pelissier ekri DG Lapolis la yon lèt gwo samdi 1e fevriye a pou mande l pran dispozisyon pou bare atak bandi yo. Nèg ap boykote DG a pandan bandi yo ap chache pi bon estrateji pou touye moun.
Alix Didier Fils-Aimé t ap gentan revoke Rameau deja, se paske gen kèk manm nan KPT a li pat dakò.