Pa rapò ak mouvman manifestasyon ki anonse nan peyi e an menm tan menas gang yo, chèf Polis la deside konvoke tout polisye sou lye travay yo jiskaske lòd la chanje. Daprè Métronome, gen yon reyinyon ki fèt nan fen jounen madi 15 avril la ant Fritz Jean, Didier Fils-Aimé ak Rameau Normil. Gen kèk lòt konseye ki te la tou. Tout sa se pou yo kapab jere pouvwa yo men pa pèp ayisyen an.
Nou dwe raple, konvokasyon sa yo pa gen anyen pou wè ak menas gang yo sou popilasyon an vre paske nou abitye wè fim sa yo deja.