Wisteguens Jean Quely Charles, 25 lane, se non jenn gason sa a ki te joure Trump epi felisite Biden ak Obama nan moman ajan Imigrasyon t ap arete l 22 janvye pase a nan vil Boston. Misye gen 17 ka penal sou do l nan Eta Massachusetts, selon responsab ICE yo. Li te antre Etazini 13 jiyè 2013 ilegalman, pou kounye a Wisteguens twouve l nan gadavi.
Otorite imigrasyon yo prezante jenn gason sa a kòm manm yon gang ayisyen.