Henry Wooster se nouvo Chaje d Afè ameriken an Ayiti ki pral gen pou ranplase Dennis Hankins ki se aktyèl anbasadè ameriken an nan peyi a. Selon Marco Rubio, ki se sekretè d Eta ameriken, anbasadè Wooster fè prèv li deja nan ini moun, idantifye solisyon kreyativ e eksperyans li Washington ak alatranje pwouve sa.
Marco Rubio kwè Wooster se moun ideyal ki ka pran tèt anbasab la an Ayiti nan moman kritik sa a.