Ansyen senatè Nip la, Nenel Cassy fè konnen li pa nan gang, okontrè se depi nan palman an l ap mennen batay kong gang. Nan nòt li a, Nenel Cassy fè konnen li pa ge zam, li pa reprezante yon danje pou pèsonn jan DCPJ di a. Li ajoute pou l di l ap toujou disponib pou lajistis ak lapolis.
Se menm Nenel Cassy sa a ki gen non l site nan yon rapò ULCC poutan li pa janm parèt devan lajistis pou klarifye sa malgre yo envite l.