Ensekirite a kontinye vale teren nan peyi Dayiti. Nèg ak zam tire sou machann telefòn ki nan Ri Mani yo. Youn nan machann yo pran bal nan tèt rann dènye souf li sou plas, epi plizyè lòt ki touche gentan pran wout lopital.
Aksyon sila pase jodi mèkredi 13 janvye a bò 4 è nan aprè midi devan dijisèl la nan Ri Mani, tou prè Baz UDMO a.
Rete konekte ak Haïti News pou plis detay sou atak ame sa ki fèt sou ti machann yo.
Jeff Jean Joseph