Ant 270 a 500 000, se kantite zam ki an sikilasyon nan peyi d Ayiti daprè dènye chif òganizasyon Nasyon Zini pibliye. Yo di yo enkyete pou zam yo k ap sikile a. Majorite zam sa yo, selon òganizasyon an, se nan menm gang yo ye poutan Ayiti pa fabrike zam, selon sa yo raple.
Nasyon Zini byen konnen 90% nan zam sa yo se Etazini ki voye yo Ayiti e yo pa janm fè anyen kont sa.