Selon Alfred Métellus ki se minis Ekonomi ak Finans, gang nan peyi d Ayiti yo rive ranmanse anviwon 100 milyon dola pa ane nan fè resèt sou chak konntenè k ap travèse fwontyè ki separe Ayiti ak Sendomeng yo. Lajan sa yo kolekte nan divès sous e gang yo gen anpil moun k ap travay pou yo nan sans sa a. Minis lan admèt pa gen leta an Ayiti se gwoup teworis yo kap komande.
Alfred Métellus fè revelasyon sa yo sou antèn radyo Magic 9.