Kèk èdtan aprè zago loray fin mete dife nan anjen lou lapolis la nan Mibalè, popilasyon an pase alaksyon. Nan fen jounen madi 17 jwen 2025 lan, yo retounen Pelig epi yo koupe kouran an nan santral la. Mete sou sa, yo soude baryè antre a paske yo remake se nan betiz 9 kriminèl ki nan KPT a ap pase yo aprè yo te fin pwomèt yo sekirite. Yo kontinye mande alye Viv Ansanm yo ki nan Leta a pou ba yo lapè nan komin nan.
Fwa a, Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen l yo pa konn kilè y ap rewè ti moso limyè EDH.