Ajan ICE yo anonse y ap ankete sou migran ki deside fè maryaj ilegal pou yo ka jwenn rezidans nan peyi meriken. Selon ICE, marye nan fwod ka lakoz tou 2 moun yo pran 5 lane prizon, peye jiska 250 mil dola amand e mete sou sa, yo ka depòte yo nan peyi kote yo te sòti a.
Otorite di kriminèl teworis ka pwofite sa pou rete Etazini donk y ap frennen deriv la.