Plizyè santèn milye moun desann nan lari jounen samdi 5 avril 2025 lan, nan plis pase 1 000 vil nan tout 50 Eta ameriken yo pou denonse politik Donald Trump ap mennen nan peyi a. Manifestasyon sa yo fèt nan vil sa yo: New York, Washington, Boston, Los Angeles, Philadelphie, Florida, pou n site sa yo ase. Mouvman sa ki gen yon pakèt militan demokrat dèyè l, òganize nan lide pou di yo pa dakò ak jan Donald Trump ap mennen peyi a sitou sou plan migratwa. Manifestan yo di Trump ak Elon Musk ap dirije peyi a tankou se te byen prive yo.
Gen leve kanpe tou ki te fèt nan lòt vil nan mond lan tankou nan vil Pari, Bèlen ak Lisbòn pou di yo pa dakò ak Trump.