Ayisyen k ap viv nan peyi Kanada yo deklare minis ayisyen k ap viv aletranje yo, Kathia Verdier, “persona non grata” nan kad jounen entènasyonal dyaspora yo nan Monreyal. Nouvèl la tonbe tankou yon kout kanno nan kan minis la ak gouvènman ayisyen an. Dyaspora ayisyen ki Kanada yo deside bloke minis Kathia pou l pa patisipe nan aktivite sa a paske l fè pati yon gouvènman initil, ki pa kanpe sou anyen.
Se yon bon jès bò kote ayisyen sa yo ki deside montre manm gouvènman sa yo se yon bann enkonpetan k ap jere Ayiti.