Kèk jou aprè li fin elimine britalman anviwon 180 granmoun nan Waf Jeremi, Mikanò Altès mete yon bann rara deyò ayè mèkredi 11 desanm nan. “Gade yon Mikanò m gen nan bouda m”, se sa foul la t ap chante pandan y ap jwe mizik. Sa montre nan ki nivo chèf teworis sa yo gen pouvwa pou yo gaspiye lavi moun nan peyi a.
Aprè nòt kondanasyon, nèg k ap koupe rache isit yo poko janm deside klase Mikanò a nan wòl li.